Accessibility links

Breaking News

Jounen Mondyal Fanm: Nou Tout Se Fanm


Nan okazyon 8 Mas la ki se jounen mondyal medam yo, òganizasyon lokal e mondyal san bliye gouvènman nan anpil peyi òganize aktivite e fè refleksyon sou nesesite pou konbat vyolans ak diskriminasyon kont fanm.

Ann Ayiti gouvènman an chwazi vil Kanperen nan Depatman sid peyi a pou komemore jounen an . Ozetazini , otorite yo selebre 8 mas la de fason spesyal kote yo onore 9 militan ki soti plizyè kote nan lemond pou kouraj ak lidèchip eksepsyonèl yo .

Sekretè Deta ameriken an John Kerry ak premyè dam Etazini an Michelle Obama prezide seremoni otorite Etazini an rele “onè-respè pou fanm vanyan.”

Nasyon Zini chwazi kòm tèm : Yon pwomès se yon pwomès : Li lè li tan poun n pase alaksyon pou mete fen nan vyolans sou fanm .

Nan okazyon jounen sa a , Sekretè Jeneral LONU an Ban Ki-mooon mete aksan sou enpòtans ak wòl medam yo nan sosyete a e ak vyolans ki dwe sispann sou medam yo .

Direktris ONU Femme nan, Michelle Bachelet, deklare nan diskou li fè nan sikonstans sa a, li presize: " 21e syèk la pa ka tolere diskriminasyon ak vyolans kont medam yo timoun kont gran moun."

Youn nan pwen sayan jounen sa a se mizik Lon fè soti soti ki rele Yon Fanm 25 chantè ak mizisyen fanm ak gason pami yo diva ayisyèn nan Emeline Michel ki soti nan 20 peyi mete yo ansanm pou pwopaje yon inite ak solidarite : Nou se yon sèl fanm
XS
SM
MD
LG