Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Martelly ak Premye Minis Lamothe Prezan nan Antèman Prezidan Hugo Chavez


Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe twouve yo nan tèt yon delegasyon ofisyèl ki kite Pòtoprens jedi pou al asiste seremoni antèman Prezidan Hugo Chavez nan Karakas, kapital Venezuela.

N ap raple ke imedyatman aprè nouvèl lanmò Misye Chavez la te rive Ayiti, gouvènman an te fè parèt yon kominike ki di :

"Prezidan Michel Martelly eksprime tristès li apre lanmò Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, madi 5 mas 2013 la, apre yon long maladi. Nan sikonstans penib sa a, chèf deta ayisyen an, nan non pèp la, voye kondoleyans sensè li bay pèp venezuelyen an ak fanmi defen Prezidan Chavez"

Administrasyon Martelly-Lamothe la dekrete 3 jou dèy nasyonal nan okazyon an.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou lòt pwen aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG