Accessibility links

Breaking News

Venezuela - In Memoriam: Plis Pase 30 Lidè Mondyal Prezan nan Antèman Prezidan Hugo Chavez


Nan peyi Venezuela, otorite yo ak pèp la ap rann yon dènye omaj pou Prezidan Hugo Chavez ki te mouri madi 5 mas pase a e kap antere vandredi 8 mas 2013 la. Se yon antèman ofisyèl k ap dewoule an prezans 30 chèf deta ak chèf gouvènman –san bliye lidè ayisyen yo, Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe. Lèzetazini ap voye yon delegasyon diplomatik.

Jedi 7 mas la, Vis Prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, te pale pou l di gouvènman an pral fè anbome kadav defen prezidan Hugo Chavez e depouy mòtèl la pral rete ekspoze nan yon mozole militè nan Karakas, kapital la, pou tout tan.

Toujou nan jounen jedi a, plizyè milye sitwayen venezuelyen te obsève yon lòt jounen dèy kote moun ki tap kriye pou defen lidè a, te mete yo nan liyn byen long e pandan lontan (pafwa 10 zèd tan) pou yo te defile devan kadav la ki te ekspoze nan lokal yon akademi militè. Gouvènman venezuelyen an dekrete tout yon semèn dèy nasyonal nan okazyon lanmò Prezidan Chavez la.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute vèsyon “audio” repòtaj sa a ak kòmantè espesyalis sou eritaj Hugo Chavez kite dèyè kòm yon pèsonalite politik ki make istwa relasyon ant Venezuela ak rès Amerik Latin nan e Karayib la. Espesyalis sa yo se Doktè Frantz Antoine Leconte, pwofesè kilti ayisyèn nan Inivèsite New York, analis politik Robert Bénodin ki baze nan Orlando, Eta Florid, epi ekonomis Nesmy Manigat ki nan peyi d Ayiti
XS
SM
MD
LG