Accessibility links

Breaking News

Venezuela - Chavez : Antèman Defen Prezidan an Fikse pou Vandredi 8 Mas 2013 la


Sitwayen venezuelyen yo ap prezante respè yo pou yon dènye fwa bay Prezidan Hugo Chavez ki mouri madi 5 mas 2013 la anba maladi kansè. Kòmandan gad prezidansyèl la nan Karakas, José Omella, ki pale ak ajans nouvél Associated Press, deklare Prezidan Chavez sikonbe anba yon atak kadyak masif e li te soufri anpil-anpil nan dènye moman maladi a.

Mèkredi 6 mas la, yo te transpòte kadav Prezidan Hugo Chavez nan yon akademi militè aprè yon pwosesyon ki te defile nan lari kapital la, Karakas. Kadav la pral rete ekspoze nan enstalasyon militè sa a joustan antèman an va chante vandredi 8 mas la.

Nan menm jounen mèkredi a, fanmi defen prezidan an patisipe nan yon mès kote yo te genyen bò kote yo prezidan 3 peyi sid-ameriken: Ajantinn, Bolivi ak Irigwe. Nan Washington, Michael Shiffer, prezidan òganizsyon “Dyalòg Entè-Ameriken” pale pou l eksplike ki moun Hugo Chavez te ye.

Misye Shiffer di:
"Se yon nonm ki te atache ak pouvwa. Ou pap kapab konprann Chavez, fason misye te opere, sa li te fè, sa l pat ka fè, si ou pa konprann gwo apeti li te genyen pou pouvwa. Sa vle di pouvwa anndan Venezuela, pouvwa nan Amerik Latin nan, menm jan sa vle di sete yon moun ki pat gen pwoblèm pou l lanse defi kont yon sipè-puisans."

Gouvènman venezuelyen an dekrete tout yon semèn dèy nasyonal. Kèk lòt peyi latino-ameriken ak karayib, mete sou gouvènman peyi ki pa nan rejyon an, dekrete tou kèk jou dèy nasyonal. Konstitisyon Venezyelyèn nan mande pou eleksyon prezidansyèl dewoule nan 30 jou.
XS
SM
MD
LG