Prezidan sosyalis venezuelyen an, Hugo Chavez, mouri madi 5 mas 2013 la apre yon batay manch long kont maladi kansè. Li te genyen 58 tan.
Msye Chavez te resevwa tretman pou maladi kansè nan peyi Kiba avan l te retounen nan kapital Venezuela a, Karakas, nan mwad fevriye pase a. Sa pa gen lontan, otorite venezuelyen yo te rapòte li te fè yon enfeksyon pandan li tap swiv tretman chimyoterapi nan yon lopital militè.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute Ronald César ak Jacques Jean-Baptiste nan prezantasyon pwofil Hugo Chavez ki rete, menm aprè lanmò li, yon pèsonalite ki soulve anpil polemik.