Accessibility links

Breaking News

Gwo Rediksyon Menase Bidjè Federal Lèzetazini an san Yon Solisyon a la Dènye Minit


Vandredi premye mas 2013 la se dènye jou lidè demokrat ak repibliken nan Kongrè ameriken an genyen pou yo evite yon sitiyasyon kote gwo rediksyon kapab fèt nan bidjè federal Lèzetazini an avèk konsekans trè grav sou fonksyonnman administrasyon piblik la. Si yo pa jwenn yon solisyon, gwo soustraksyon -ki ka monte rive jiska 85 MILYA dola- pral kòmanse fèt otomatikman nan depans leta federal ameriken an a-pati de minui.

Prezidan Barack Obama genyen pou l rankontre ak manm Kongrè a nan jounen an pou yo eseye jwenn yon solisyon pou pwoblèm nan. Chak pati (demokrat ak repibliken) lonje dwèt sou lòt la pou di se li ki responsab sitiyasyon malouk sa a ki lage gwo panik nan peyi a, sitou nan mitan sektè piblik la.

Lyonel Desmarattes abòde ak ekonomis ayisyen Harry Fouché, ki baze nan vil Chikago, nan Eta Ilinwa, enpresyon gwo piblik la genyen kòmkwa otorite konsène yo pat fè ase efò pou yo evite yon sitiyasyon konsa. Lyonel ak Misye Fouché pale tou de divizyon ki egziste nan mitan aktè politik ameriken yo e ki kapab anpeche administrasyon Obama a reyalize pwogram li pou Lèzetazini –sou plan nasyonal e entènasyonal- avèk vitès ou efikasite ki nesesè a.

Klike sou ikon ki agoch la pou koute ekstrè entèvyou Lyonel Desmarattes fè ak ekonomis Harry Fouche.
XS
SM
MD
LG