Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier Konparèt nan Tribinal


Ansyen prezidan Jean-Claude Duvalier konparèt nan tribinal nan Pòtoprens jedi 28 fevriye 2013 la pou l reponn kesyon lajistis sou kèk akizasyon k ap peze sou do l.

Korespondan nou nan kapital ayisyèn nan, Clarens Renois, di Lavwadlamerik seyans la te long anpil. Jij ki tap prezide seyans lan se Mèt Jean Robert Lebrun. Nan dezyèm pati odyans lan, se avoka moun ki akize ansyen prezidan ayisyen an ki te kesyone mesye Duvalier.

Jean Claude Duvalier te reponn kesyon yo pou l di sou gouvènman pa l la bagay yo te mache pi byen e li te toujou entèvni pou l rezoud pwoblèm dwa moun ki te poze. Seyans sa a te dire anviwon 5 èd tan.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute repòtaj sa a.
XS
SM
MD
LG