Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pwomèt Opozisyon an nan Siri 60 Milyon Dola


Lèzetazini pare pou l bay opozisyon Siryèn an yon èd 60 milyon dola san pèdi tan, yon èd ki vini avèk manje, ekipman medikal ak lot èd dirèk ki pa makonnen ak zam bay Konsèy Militè supreme opozisyon an.

Sekretè deta ameriken an, John Kerry anonse entansyon Lèzetazini nan sans sa a aprè kèk rankont ki dewoule nan vil Rome ann Italy kote li di: "opozisyon an ansanm ak moun k ap apiye l nan kominote entènasyonal la ap travay ansanm, pou komanse, nan direksyon lapè."

Msye Kerry di 60 milyon dola asistans Lèzetazini ap bay la pral pèmèt ekspozisyon an founi sèvis bay moun nan zòn l ap kontwole yo, dekwa pou l ka jwen apwi nan lokalite sa yo
XS
SM
MD
LG