Accessibility links

Breaking News

Menas Gwo Soustraksyon ap Peze sou Bidjè Gouvènman Ameriken


Nan moman “Compte à rebours” la ap kontinye pou Lèzetazini antre nan yon faz san parèy san listwa l, kote gouvènman federal la ka oblije fè gwo soustraksyon nan depans li yo (yon sitiyasyon ki ka kòmanse vandredi premye mas 2013 la), lidè demokrat ak repibliken nan Kongrè a sanble rete 2 bra kwaze pandan dat-la ap rive sou yo.

Pou nou eksplike konsekans yon sitiyasyon sa kapab genyen sou sosyete amerikèn nan, nou prale nan vil Takoma Park, nan Eta Maryland, tou prè Washington, kote nou jwenn yon òganizsyon ki la pou pote manje gratis chak jou bay divès gran-moun aje –yon oganizasyon ki rele “Meals on Wheels”, anglè pou “Manje sou woulèt”.

Se yon asosyasyon ki prezan tou patou nan peyi a; e resposnab yo di, si koupi bidjetè a tounen yon reyalite, yon afè de 19 milyon gran-moun aje kapab sibi konsekans la. Ellie Hollander, yon manm asosyasyon an nan Takoma Park, pale pou l di:

“Youn nan bagay ki enpòtan nan pwogram nou genyen pou n pote manje bay gran-moun yo, se le fèt ke manje sa yo bon pou sante yo, epi sa ba yo yon koneksyon sosyal, menm jan sa enpòtan pou endepandans yo. An pratik, sa montre yo gen enpòtans nan sosyete-a; sa fè yo santi yo byen nan po yo.”

Madam Joan Debrule, yon gran moun aje ki resevwa manje chak jou nan kad aktivite chapit asosyasyon an genyen nan Eta Maryland, di kèk gran moun parèy li santi yo enpuisan nan men manm Kongrè a. Li declare:

“Nou nan men yo; si yo pa ban nou, nou pa jwenn. Mwen ta renmen wè yo nan plas nou. Yo anwo a, nan Kongrè a ; yo genyen yon travay ; e se pèp ameriken an kap peye po kase a.”

Prezidan Barack Obama genyen pou l rankontre ak manm Kongrè a vandredi premye mas la –swa egzatteman jou kote yon koupi 81 miya dola gen pou antre an aplikasyon- pou yo chache jwenn yon solisyon pou pwoblèm nan.

Chak pati (lidè demokrat ak lidè repibliken nan Kongrè a) lonje dwèt sou lòt la pou di se li ki responsab sitiyasyon malouk sa a ki lage gwo panik nan peyi a, sitou nan mitan sektè piblik la.
XS
SM
MD
LG