Accessibility links

Breaking News

Depans Leta Federal Ameriken an Kapab Sibi Gwo Bès Anvan Lontan


Lèzetazini twouve l anba menas yon epe Damoklès ekonomik kote ka gen gwo koupi nan depans leta federal la apati de vandredi premye mas kap vini la a. Sa kapab rive si lidè repibliken nan Kongrè a pa rive jwenn yon antant ak administrasyon demokrat Prezidan Barack Obama ap dirije a pou yo evite yon posiblite konsa.

Si sa rive, gwo soustraksyon pral fèt nan depans gouvènman ameriken an, tankou nan finansman fonksyonnman leta federal la; an 2 mo 3 pawòl, leta ameriken kapab pa an mezi pou l peye fonksyonè li yo. Youn nan pati sektè piblik la ki byen plase pou l sibi move konsekans posiblite sa a, se Pentagòn nan --kidonk depatman defans la-- kote anpil anplwaye kapab oblije rete lakay yo e pa resevwa chèk yo (oubyen yon pati nan chèk yo) pandan tout tan yon sitiyasyon konsa va dire.

Ekonomis ayisyen Harry Fouché, ki baze nan vil Chicago, nan Eta Ilinwa, di Lavwadlamerik sitiyasyon sa a --ke yo rele an anglè “sequestration”-- kapab genyen move konsekans sou fonksyonnman ajans ameriken ki responsab kowoperasyon Lèzetazini ak lòt peyi, menm jan sa ka gen move efè sou misyon diplomatik Washington genyen a letranje, tankou anbasad amerikèn nan peyi d Ayiti.
XS
SM
MD
LG