Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon: Komisyon Bi-Kameral la Kapab Pèdi Manda l Anvan Lontan


Nan peyi d Ayiti, devan enpas k ap pèsiste nan nivo komisyon bi-kameral ki responsab pou chwazi reprezantan palman an nan Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an, prezidan Sena a, Simon Dieuseul Desra, atire atansyon sou le fèt ke, apre 10 jou ki fikse pou komisyon sa a reyalize misyon li, li kapab vin “kadik”, sa vle di lap rive nan fen manda l e legalman lap sispann egziste, si komisè yo pa fè yon demand pou otorite konsène yo pwolonje manda a.

Komisyon bi-kameral la te enstale semèn pase a ; sepandan jiskaprezan li poko reyalize misyon li, akoz mezantant ki egziste ant manm li yo sou fason pou yo fè travay yo. Nouvèl yo fè konnen tou, komisyon an fòme yon ekip ki genyen ladan n yon sèl grenn reprezantan Sena a; e gran kò a refize rekonèt egzistans ekip sa a. Sitiyasyon sa a fè moun ap poze kesyon pou mande kilè kriz elektoral la ap jwenn yon solisyon ann Ayiti ? Epi eske lidè politik yo enterese vrèman pou yo pèmèt enstitisyon peyi a mache daprè règ jwèt demokratik yo ?

Yon lòt kote, latè tranble ankò nan divès katye kapital la, Pòtoprens, e alantou vil la nan fen jounen lendi 25 fevriye 2013 la. Rejyon afekte a sòti depi Pétion-Ville pou rive Kwa-dè-Boukè, an pasan pa Delma, Kafou-Klèsin ak plizyè zòn nan Laplenn. Si moun yo te pran panik, nouvèl yo pa rapòte ni viktim ni dega. Depi gwo tranblemanntè 7.0 ki te fè gwo devastasyon nan Pòtoprens, Leyogàn, Ti Gwav, Gran Gwav ak Jakmèl, espesyalis yo te fè previzyon pou di Ayiti genyen pou l kontinye santi ti soukous dèyè-manman pandan plizyè lane.

Klike sou ikon ki agoch la pou swiv yon repòtaj korespondan nou Rotchild Francois Junior depi Pòtoprens .
XS
SM
MD
LG