Accessibility links

Breaking News

Lapli Meteorit sou Larisi - Plis Reyaksyon


Savan yo fè konnen yo rive jwenn kèk debri yon « meteor » ki te antre nan espas terès la semèn pase a e ki te eksploze nan syèl peyi Larisi --pi presizeman sou Montay Oural yo.

Travayè k ap chache moso “meteor" la –ke savan yo rele meteorit-- fè konnen yo rive jwenn 50 fragman wòch espasyal nan yon lak, kote yon meteorit fè yon twou 6 mèt de dyamèt sou glas ki te fòme sou lak la. Viktor Ghrokovsky, yon manm Akademi Lasyans Ris la di :

“Nou jwenn mineral, pami yo genyen mineral ki rele olivin ak silfid; se konsa tou nou jwenn fè ak lòt eleman. Lè ou konsidere konpozisyon bagay sa yo, ou kapab di san ezite se matyè meteorit.”

Debri « meteor » la te fè dega sou preske 5 mil bilding nan Larisi e meteorit yo te blese yon afè de mil moun.
XS
SM
MD
LG