Accessibility links

Breaking News

18 - 19 Fevriye 2013: Ayiti Se Syèj Konferans CARICOM nan


Pandan 2 jou (18 - 19 fevriye 2013) Ayiti ap sèvi kòm peyi syèj 24èm konferans chèf deta ak chèf gouvenman blòk ekonomik karayib yo (CARICOM). Pami prensipal tèm somè sa a, kap dewoule sou prezidans Ayiti, genyen sitou dosye krim ak vyolans ame.

6 premye minis eta manm blòk rejyonal la pa fè deplasman an akoz, antwòt, eleksyon k ap dewoule nan peyi yo. Sepandan responsab yo anonse patisipasyon minis jistis Lèzetazini an, Eric Holder k ap prezan –an tou ka pandan premye jounen an- pou l mete devan patisipan yo yon deklarasyon enpòtan gouvènman ameriken pou lid pou lidè CARICOM yo.

Korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François Junior, pale ak anbasadè Collin Granderson, sekretè jeneral adjwen CARICOM, ki pote presizyon sou pwogram somè a. Yon lòt kote, Clarens Renois, ki pale de konferans la tou, bay kèk detay sou plan

palman ayisyen an genyen pou l enstale manm yon komisyon bi-kameral ki pral chwazi reprezantan 2 chanm yo nan kolèj elektoral la.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.
XS
SM
MD
LG