Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap Selebre Jou Prezidan yo (Presidents’ Day)


Prezidan Barack Obama poze ak kèk ansyen prezidan ameriken: (de goch a dwat) George H. W. Bush, George W. Bush, Bill Clinton ak Jimmy Carter. (Foto achiv, 7 janvye 2009)
Prezidan Barack Obama poze ak kèk ansyen prezidan ameriken: (de goch a dwat) George H. W. Bush, George W. Bush, Bill Clinton ak Jimmy Carter. (Foto achiv, 7 janvye 2009)
Ozetazini, lendi 18 fevriye 2013 la jodi se sa ameriken yo rele « Presidents’ Day », oubyen Jou Prezidan yo. Jou sa a te tounen yon konje federal nan ane 1879 pou make anivèse nesans premye prezidan Lèzetazini an, George Washington, ki te pran nesans yon 22 fevriye. Preske yon syèk aprè sa, nan lane 1968, Kongrè a te pase yon lwa ki te fikse yon sèl jou pou selebre yon sèl kou anivèsè ni prezidan Washington, ni prezidan Abraham Lincoln, 16èm prezidan ameriken an ki te pran nesans nan mwa fevriye a tou.

Depi kèk ane deja, Jou Prezidan an sèvi pou selebre tout prezidan Lèzetazini d’Amerik. Otorite yo mete selebrasyon yo ansanm yon fason pou yo bay fonksyonè federal yo, anplwaye eta yo ak rès pèp la yon wikenn manch long, paske fèt la toujou tonbe yon jou lendi, daprè desizyon Kongrè a.

Ane sa a, nan okazyon Fèt Prezidan yo, aktyèl lidè ameriken an, Barack Obama, pase jounen dimanch la ap jwe gòlf nan Eta Florid ak yon gwo jwè pwofesyonèl ki rele Tiger Woods. Sitwayen ameriken yo mete sou pye divès kalte divètisman pou yo pwofite de wikenn manch long sa a.
XS
SM
MD
LG