Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid: Oscar Pistorius Devan yon Jij pou yon 2èm Fwa


Nouvèl ki sòti nan Afrik di Sid fè konnen atlèt olenpik Oscar Pistorius --ki anba akizasyon deske li asasinen mennaj li, Reeva Steemkanp, yon mannken ki tap travay pou yon konpayi de mòd-- konparèt pou yon 2èm fwa nan yon tribinal.

Laprès rapòte misye Pistorius te tonbe kriye lè li antre nan tribinal la pou yon jijman ki kapte atansyon piblik sid-afriken an.

Daprè sa avoka akizasyon yo di, yo pral ensiste sou le fèt ke akize a, yon sitwayen sid-afriken 26 zan, komèt yon asasina premedite avèk lanmò mennaj la ke lapolis te jwenn san vi, lakay atlèt la, nan yon katye kote chak kay antoure ak gwo miray oubyen fildefè.

Lapolis te jwenn kadav viktim nan lakay Oscar Pistorius nan vil Pretoria, jedi 14 fevriye a, Jou Sen Valanten
XS
SM
MD
LG