Accessibility links

Breaking News

Meksik : Rezilta Ankèt sou yon Eksplozyon nan Katye-Jeneral Konpayi Petwòl Nasyonal la


O Meksik, rezilta yon ankèt montre se yon anpilman gaz nan yon tiyo ki te pwovoke eksplozyon ki te fèt, semèn pase a, nan katye-jeneral pi gwo konpayi petwòl pey -a, an palan de konpayi petwòl nasyonal la, PEMEX.

Minis jistis meksiken an, Jesus Murillo Karam, pale ak laprès lendi 4 fevriye 2013 la pou l di ankèt la montre yon kout-sikui elektrik te fèt nan zòn kote gaz la te anpile a, nan bezment lokal konpayi a. Daprè li toujou, sanble sete gaz metàn.

Misye Murillo Karam deklare:
“Ekspozyon an lakoz yon gwo pati nan batiman an tonbe. E, tankou m te di sa o-kòmansman, se efondreman gwo pati sa a nan bilding nan, ki lakoz tout lanmò sa yo. Men sa, se rezilta preliminè ankèt la ki pèmèt nou idantifye koz trajedi a.

San di pètèt, gen anpil travay ki rete pou fèt toujou anvan pou n rive idantifye koz egzat eksplozyon an, ki kote tout bagay te kòmanse epi fikse responsablite yo, si sa nesesè."

Minis Murillo Karam fini pa di pa genyen okenn tras eksplozyon sou anplasman aksidan an, tankou sa yon moun te ka jwenn sou plas yon gwo dife ke yon bonm, pa egzanp, ta koze.
XS
SM
MD
LG