Accessibility links

Breaking News

Foutbòl Ameriken: Baltimore Ravens Nouvo Chanpyon NFL la


Ozetazini, rankont final chanpyona foutbòl ameriken an dewoule, dimanch 3 fevriye 2013 la, nan vil Nouvèl Òleyan, nan Eta Lwizyàn, kote Baltimore Ravens ranpòte laviktwa sou San Francisco 49ers. Se anba redi Baltimore Ravens rive konsève yon avans li te genyen sou San Francisco 49ers depi nan fen premye mitan an, pou l fin pa ranpòte final la (ki rele Superbowl).

Yon blackawout ki te lage estad la nan fènwa nan kòmansman 2èm mitan an, te vin ralanti mesye Ravens yo sou kous yo, alòske yo tap mennen 28 a 6 aprè 2 premye “quarters” yo. 30 minit epik blackout la te dire a, te pèmèt jwè ekip San Ferancisco a reprann yon konfyans ki te mete van nan vwal yo e ede yo remonte pant la nan pwen kote yon “field goal” te ka pèmèt yo egalize e ale nan pwolongasyon, tandiske yon “touch down” te ka ba yo laviktwa.

Apre anpil soufrans, Baltimore Ravens te fin pa kenbe avans li sou tablo dafichaj la e ranpòte youn nan match ki gen plis dram ak plis sispens nan tout istwa NFL la. Pa egzanp, kwonikè espòtif yo ak anpil lòt obsèvatè panse moun pral pase lontan ap pale de blackout ki te deranje match la pandan plis pase 30 minit nan kòmansman 2èm mitan an.

Yon lòt aspè istorik rankont la, se le fèt ke 2 antrenè yo se 2 frè: Jim Harbaugh --antrenè Baltimore Ravens-- avèk John Harbaugh --antrenè San Francisco 49ers.

Jim Harbaugh te pale ak laprès aprè gwo kokenn viktwa sa a:
“Mwen te konnen, akoz prezans frè mwen, Jim, nan ekip advès la ak tout ane nou te pase ansanm, match la ta pral yon lit gason-pa-kanpe. Nou te byen konnen avèk yon ekip tankou 49ers, match la pa tap fasil apre bèl palmarès yo tabli nan Lig Foutball Nasyonal la pandan 22 zan ki pase yo. Yo montre nou kisa yo peze nan fason yo goumen avèk nou jiska la fen."

Youn nan jwè veteran Baltimore Ravens, Ray Lewis, ap pran retrèt li apre 17 tan li pase nan ekip la. Se 2èm trofe li ede ekip « ville charmante » la ranpòte: Ravens te chanpyon nasyonal NFL la yon fwa deja an 2001.
XS
SM
MD
LG