Accessibility links

Breaking News

Dènye Jou Hillary Clinton kòm Sekretè Deta Lèzetazini


Nan Washington, Madam Hillary Clinton, ki rive sou denye jou li kòm chèf diplomasi Lèzetazini, patisipe jedi 31 janvye 2013 la nan yon seremoni nan Depatman Deta a kote li pase mayèt la bay siksesè li a, ansyen senatè Eta Massachusetts, John Kerry.

Sekretè Deta sòtan an pale pou l di, pandan pasaj li nan tèt diplomasi amerikèn nan, li te toujou fikse atansyon n sou defans prensip inivèsèl yo ak pwoteksyon sekirite Lèzetazini. Madam Clinton deklare:

<<Sa gen 4 tran, lè m te chita sou yon tab an fas moun ki te kolèg mwen nan sena a lè sa a –pandan seyans depozisyon pou konfimasyon m kòm sekretè deta-- mwen te di : “se yon gwo kokenn plezi pou mwen pou yo konsidere m pou okipe pòs sekretè deta a. Men, an menm tan tou, an tan ke senatè, mwen te tris pou m te kite yon fonksyon m te renmen e tout moun mwen apresye nan sena a e nan Eta New York ke m te gen privilèj reprezante.” Jounen jodi a, se menm santiman sa yo kap travèse m. Mwen pare pou m kòmanse yon nouvo chapit nan lavi mwen. Se kòm yon liv ou achte e ki genyen ladan n kèk paj blanch ke ou-menm, ou dwe ranpli.>>

Nan okazyon an, pèsonalite kap ranplase Madam Clinton nan, ansyen senatè John Kerry, te genyen, antwòt, mo sa yo pou l di:

" Mwen va fè tout sa k nan pouvwa mwen, fè apèl a tout enèji mwen e sèvi ak tout atansyon mwen, pou m kontinye travay Hillary Clinton akonpli a e reyalize vizyon prezidan nou an."

John Kerry tounen 68èm sekretè deta ameriken depi Prezidan George Washignton te nonmen Thomas Jefferson nan tèt diplomasi amerikèn nan nan ane 1789. Misye Kerry pral kòmanse travay ofisyèl li kòm nouvo chèf diplomasi Lèzetazini lendi 4 fevriye 2013 la.
XS
SM
MD
LG