Accessibility links

Breaking News

Etazini - Politik: Depozisyon Kandida pou Pòs Minis Defans la devan yon Komisyon Sena a


Ozetazini, ansyen senatè Chuck Hagel gen pou li fè depozisyon n, jedi 31 janvye 2013 la, devan yon komisyon sena a nan kad fòmalite pou l okipe plas Minis Defans ameriken an.

Manm Komisyon Afè Militè gran kò a pral poze misye Hagel kesyon sou opinyon pèsonèl li konsènan yon seri sijè ki gen rapò ak sekirite nasyonal Lèzetazini –pami yo genyen kesyon pou konnen èske li favorize yon apwòch pi soup vizavi Iran ak pwogram nikleyè peyi sa a, nan moman li ta manifeste yon apui limite pou Izrayèl.

Obsèvatè yo prevwa Misye Hagel pral gen pou l reponn kèk kesyon dyanm sou apèl li te lanse pou l mande yon rediksyon nan bidjè militè Lèzetazini e sou apui li te pote bay lide pou ta genyen yon mouvman entènasyonal pou elimine tout asnal nikleyè ki genyen nan lemond.

Mwa pase a, Prezidan Barack Obama te nonmen Misye Hagel pou plas chèf Pentagòn nan kòm siksesè minis Leon Panetta ki kraze yon kite sa. Si sena a konfiime nominasyon an, ansyen senatè Hagel t ap tounen premye veteran Lagè Vyetnam nan e premye ansyen senp sòlda k ap okipe pòs minis defans nan tout istwa Lèzetazini.
XS
SM
MD
LG