Accessibility links

Breaking News

Mariano Fernandez, Reprezantan l’ONU ann Ayiti, ap kite Peyi a


Reprezantan sekretè jeneral l’ONU nan peyi Dayiti, Mariano Fernandez --kap kite pòs li anvan lontan-- lanse apèl bay sektè politik ayisyen yo pou li mande yo antann yo pou yo defann enterè peyi a.

Misye Fernandez ensiste sou nesesite pou eleksyon yo dewoule anvan lontan; paske, daprè li, reta responsab ayisyen yo pran pou yo mete yon konsèy elektoral sou pye pou òganize vòt yo, voye yon move siyal bay kominote entènasyonal la.

Yon lòt kote, Marie Danielle Bernadin, ki te akize Mèt Josué Pierre-Louis, yon ansyen minis jistis epi prezidan konsèy elektoral pèmanan gouvènman an vle mete sou pye a, anonse li deside kite akizasyon l nan tonbe.

Madam Bernadin, ki anonse desizyon an atravè biwo avoka li, di pèsonn pa fòse li wete akizasyon an; li pran desizyon an paske sekirite li pa garanti, nan moman anpil manm fanmi li oblije kite peyi a pou yo ale aletranje aprè yo te resevwa menas reprezay. Anfen, pleyant la di li pa kwè afè a ta prale okenn kote, daprè jan li konstate lajistis te trete dosye a jis nan moman li pran desizyon an.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan VOA Clarens Renois
XS
SM
MD
LG