Accessibility links

Breaking News

Etazini/Medsin : Yon Nouvo Medikaman pou Tibèkiloz


Tens of Millions of TB Patients Cured
Tens of Millions of TB Patients Cured
Ozetazini, biwo ki la pou kontwole kalite manje ak medikaman kap sikile sou mache nasyonal la (Administrasyon Manje ak Medikaman, ou FDA) apwouve yon nouvo medikaman pou trete tibèkiloz ki reziste ak medikaman.

Yon medikaman ki rele sirturo e ki gen non syantifik bedaquiline, se premye remèd FDA te apwouve pou tretman tibèkiloz depi plis pase 40 an. Nouvo medikaman an ajans la anonse a, disponib sou mache-a depi kounye-a ann atandan otorite responsab yo mete lòt fòm tretman a la dispozisyon popilasyon an. Kijan medikaman an travay? Ebyen, li bloke yon anzim patojèn maladi tibèkiloz bezwen pou l gaye andedan kò yon moun.

Se konpayi Janssen/Terapeutic --yon divizyon konpayi amerikèn Johnson and Johnson ki fabrike medikaman-- ki te devlope medikaman sirturo a. Konpayi an jwenn otorizasyon pou l vann nouvo pwodwi a nan kad yon pwogram revizyon akselere FDA tabli pou pèmèt malad yo jwenn medikaman ki pèmèt yo espere yon gerizon.

Ajans Medikaman ak Manje Lèzetazini an (FDA) lanse avètisman pou l di li posib pou medikaman an pwovoke maladi kadyak mòtèl. Li bay doktè yo konsèy pou yo pran prekosyon lè yap preskri medikaman an pou malad yo.
Yon group sante k ap defann dwa konsomatè yo e ki rele Public Citizen, lanse lide pou plis etid ta fèt anvan pou yo vann sirturo sou mache a. Men, pou doktè Mel Spilgelman, kap dirije gwoup Alyans Mondyal pou Devlopman Medikaman kont Tibèkiloz, desizyon FDA a make kòmansman yon peryòd tou nèf nan tretman maladi a.

Tibèkiloz se youn pami maladi ki touye plis moun sou planèt la. Daprè kalkil ki fèt, anviwon 2 milya moun ap soufri ak tibèkiloz –yon maladi ki antre sou kreyen-vivan akoz yon enfeksyon ki atake sistèm respiratwa viktim nan. Plis pase 9 milyon moun ap viv ak yon fòm kèlkonk maladi a –pi fò nan moun sa yo ap viv nan peyi pòv yo.

Mikwòb ki bay maladi a rive devlope rezistans kont medikaman lè yon bakteri tankou Mycobacterium sispann bay rezilta lè malad yo pran medikaman tankou isonazid ak rifampin--2 medikaman ki sèvi sitou nan tretman tibèkiloz.
Famasyen yo gen otorizasyon pou yo distribye e vann medikaman sirturo a Ozetazini sèlman.
jphilipp@voanews.com
XS
SM
MD
LG