Accessibility links

Breaking News

Apèl Prezidan Obama pou Kongrè Leve Plafon Dèt Lèzetazini


Nan Washington, Prezidan Barack Obama lanse apèl bay Kongrè a pou mande l pran aksyon pou l bay Lèzetazini plis dwa pou l prete lajan; yon lòt kote, Misye Obama di li apiye plis kontwòl sou pò-dam nan peyi a pou limite posiblite pou moun komèt asasina pa bann e pa pakèt Ozetazini.

Lendi 14 janvye 2012 la, mwens ke yon semèn anvan Prezidan Obama kòmanse 2èm manda l la, li bay yon konferans pou laprès nan La Mezon Blanch kote li fè konnen se tap yon bagay iresponsab pou opozan polik li yo nan Kongrè a (an palan de lidè pati republiken-an) ta menm rive anvizaje posiblite pou yo pa vote pou yo monte pi wo plafon dèt Lèzetazini, sètadi pou yo bay peyi a plis dwa pou l prete lajan.
XS
SM
MD
LG