Sou Sekretè Jeneral l’ONU pou afè imanitè, Hervé Ladsous, ap vizite Ayiti pou l evalye travay MINUSTAH ak sitiyasyon an nan peyi a 3 zan apre tranblemanntè a.
Aprè Misye Ladsous te fin rankontre ak kèk otorite ayisyen jedi 10 janvye 2013 la –pami yo genyen Prezidan Michel Martelly-- li di li espere ane 2013 la pral yon ane estabilizasyon ak eleksyon ann Ayiti.
Daprè li, l’ONU pa gen entansyon ni plan pou l rete nan peyi a e twoup yo gen pou pati yon fwa kondisyon yo va reyini pou sa.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon korespondans Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou vizit ofisyèl l’ONU an ak lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.