Accessibility links

Breaking News

Etazini - Sosyete: Rankont Vis Prezidan Biden ak Asosyasyon Nasyonal Pwopriyetè Zam-a-Fe yo


Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, gen pou rankontre nan Washington, jedi 10 janvye 2013 la, avèk reprezantan Asosyasyon Nasyonal Pwopriyetè Zam-a-Fe yo --swa pi gwo gwoup moun ki posede zam nan peyi-a-- nan moman misye Biden ap kontinye chita-tande ak kontak nan kad objektif gouvènman an genyen pou l eksplore mwayen pou l fè fas ak vyolans ki makònen ak itilizasyon zam-a-fe Ozetazini.

Mèkredi 9 janvye a, vis-prezidan an te rankontre nan La Mezon Blanch avèk kèk gwoup ki te gen ladan yo reprezantan lapolis ak ponpye, epi manm fanmi moun ki te viktim atak ak zam-a-fe nan peyi a.

Misye Biden deklare, li menm ak Prezidan Barack Obama ap anvizaje tout posiblite pou yo pote yon repons pou pwoblèm nan; pami posiblite sa yo genyen lwa Kongrè a kapab pase, avèk dekrè ak arete gouvènman an kapab pibliye.

Nan rankont ki dewoule mèkredi a nan palè nasyonal ameriken an, vis-prezidan an te pale ak envite l yo pou l di:
“Prezidan an avèk mwen, nou detèmine pou n pase alaksyon. Sa, se pa yon okazyon pou n pran bèl foto, oubyen tou senpleman pou nou mande nou menm ki la a, ki opinyon nou genyen sou dosye a. Nou enterese seryezman pou nou konnen sa nou zòt, nou gen pou di. Epi, jan prezidan an fè konnen sa a, si aksyon nap pran yo rive sove lavi yon sèl grenn moun, sa vo lapèn pou n pran aksyon sa yo."

Prezidan Obama te chwazi Vis Prezidan Biden pou l dirije efò gouvènman an ap fè pou l tabli yon seri de plan konkrè pou redui zak vyolans moun komèt ak zak-a-fe nan peyi a.

Aksyon sa yo se yon reyaksyon aprè yon jenn gason te antre nan yon lekòl primè nan Eta Connecticut, nan fen ane pase a, epi li te sèvi ak zam-a-fe pou l touye 20 ti elèv lekòl ki te genyen 6 ak 7 tan, plis 6 pwofesè lekòl la.

Masak sa a vin reveye deba k ap fèt sou kontwòl zam-a-fe Ozetazini.
XS
SM
MD
LG