Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Barack Obama fè 2 nominasyon ki Pwovoke Pawòl-Anpil nan Kongrè a


Prezidan ameriken an, Barack Obama, nonmen ofisyèlman ansyen senatè republiken Chuck Hagel kòm pwochen minis defans Lèzétazini. Pandan lidè ameriken an t ap pale nan La Mezon blanch lendi 7 janvye a , li di ki sa ki fè l chwazi mesye Hagel kòm nouvo chèf Pantagòn nan, « sè ke Chuck byen konnen zafè lagè, se pa yon bagay abstrè pou li.

Li konprann desizyon pou voye jèn ameriken al batay e vèse san yo nan pousyè ak labou aletranje, se yon desizyon nou pran lè nou jwenn sa absoliman nesesè. Kad referans li, se yon senp sòlda ki nan pozisyon pou li goumen e mouri pou l defann yon bon koz.

Kidonk, Chuck, avèk ou, twoup militè nou yo pral konnen ke, menm jan sèjan Hagel te prezan pou l ede frè konba li yo, minis defans Hagel pral la tou pou l ede nou ».

Sekretè defans pwopose a, Chuck Hagel, ki te pran lapawòl apre sa, fè konnen li rekonesan anvè prezidan Obama pou posiblite prezidan an ba li pou l ranfòse alyans Lèzétazuni nan lemond.

Misye Hagel deklare: « Mwen rekonesan dèske mwen jwenn opòtinite pou m bay peyi nou an jarèt epi kore alyans nou yo pou nou pèmèt libète pwopaje sou planèt la nan desans ak kè sansib, nan moman nap chache amelyore mond la pou tout lumanite ».

Prezidan Barack Obama te pwofite okazyon an pou l fè yon ti rale sou konpetans konseye anti-teworis Lamezon Blanch-la, John Brennan, ke li pwopoze pou plas Direktè CIA (Ajans Ransèyman Lèzetazini an). « Mesye Brennan te deja okipe kèk gwo pòs direksyon nan CIA a nan domèn analiz enfòmasyon sekrè ak fason ajans la mennen operasyon li yo.

John pran angajman pou l envesti tout konpetans li genyen nan domèn ransèyman ke nou bezwen ni sou plan imen, ni sou plan teknik. Angwo, se li menm ki te bati e dirije sant anti-teworis nasyonal la. Li konnen ki risk moun kap travay nan domèn nan ap kouri chak jou bondye mete».

Konseye anti-teworis lamezon blanch la, John Brennan, ki te pale tou suit apre prezidan Obama te fè konnen li pa ka tann pou l travay ak Kongrèa sou kesyon ki gen rapò ak sekirite Lèzétazini.

Sepandan kèk senatè repibliken ki gen anpil enfluyans anonse pwosesis ratifikasyon mesye Hagel la, ki gen 66 zan, pral fè fas ak gwo difikilte, paske yo pare pou poze l anpil kesyon sou pozisyon li te pran vizavi Izrayèl ak Iran.

Pou sa k konsène John Brennan, prezidan Obama te pwopoze li pou pòs direktè CIA a depi li te monte sou pouvwa a an 2009 ; men kandida a te deside wete non li sou lis la, akoz gwo kritik li te resevwa pou teknik entèwogatwa kraze-zo li te abitye itilize kont moun otorite ameriken yo te sispèk kòm teworis sou gouvènman prezidan repibliken George W. Bush la.
XS
SM
MD
LG