Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid-Politik: Prestasyon Sèman Park Geun-hye, Premye Fanm-Prezidan Peyi a


Udomsak Ratanotayo (l) and Suttinan Boonsomkiat wear Star Wars costumes while donating blood at the Thai Red Cross in Bangkok, Thailand.
Udomsak Ratanotayo (l) and Suttinan Boonsomkiat wear Star Wars costumes while donating blood at the Thai Red Cross in Bangkok, Thailand.
Nan Kore di Sid, premye-fanm ki eli prezidan peyi a, Park Geun-hye, prete sèman jedi 20 desanm 2012 la ak yon diskou kote li pwomèt pou l fè sekirite nasyonal tounen priyorite nimewo 1 li.

Nan diskou sa a, Miss Park pale de evennman resan kote Kore di Nò te lanse yon fize nan lespas; daprè li, sa montre gen menas serye kap peze sou Kore di Sid. Li pale tou de posiblite pou gouvènman n nan tabli bon jan liyn kominikasyon avèk Pyongyang. Miss Park di –nap site:

« Mwen pral kenbe pwomès mwen te fè pèp la: sètadi mwen pral lanse yon nouvèl epòk sou Preskil Kore a, gras ak yon sekirite e yon diplomasi ki fò e ki baze sou konfyans resipwòk. »

Park Guen-hye, ki se yon manm palman sid-koreyen an, te ranpòte eleksyon prezidansyèl ki te dewoule mèkredi 19 desanm 2012 la. Li kontinye pale pou l di, si li dispoze amelyore relasyon Sewoul ak Pyongyang, lap poze kòm kondisyon pou Kore di Nò fè konsesyon sou pwogram nikleyè li a.
XS
SM
MD
LG