Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Sekirite : Chèf Polis Nasyonal la Enstale Ofisyèlman


Direktè Polis Nasyonal la Godson Orelus, ki enstale nan pòs li ofisyèlman, pran angajman pou l trake bandi ame k ap simen latèrè nan kapital la ak vil pwovens yo.

Misye Orelus fè yon deklarasyon nan sans sa a nan okazyon enstalasyon ofisyèl li nan tèt PNH la --se Prezidan Michel Martelly ki te prezide seremoni an ki dewoule nan Pòtoprens jedi 13 desanm 2012 la.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior depi Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG