Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hugo Chavez ap Fè Fas ak Konplikasyon aprè yon Operasyon pou Kansè nan La Avàn


Gouvènman Venezuelyen an di Prezidan Hugo Chavez ap soufri ak konplikasyon apre yon operasyon li te sibi pou kansè nan kòmansman semèn nan nan La Avàn, Kiba; men li kòmanse retabli.

Minis enfòmasyon venezuelyen an, Ernesto Villegas, di Misye Chavez ap bay san apre operasyon an ki te fèt madi 11 desanm 2012 la nan Kiba.

Prezidan venezyelyen an te nonmen Vis Prezidan Nicolas Maduro kòm siksesè li avan li te pran avyon pou Kiba.

Dapre konstitisyon Venezuela a, si Misye Chavez ta mouri ou byen andikape nan pwen pou l pa ta kapab ranpli fonksyon ofisyèl li yo, nouvo eleksyon dwe dewoule nan peyi a nan 30 jou
XS
SM
MD
LG