Accessibility links

Breaking News

Washington ap Voye Misil Patriyòt ak Twoup Militè nan Tiki


Lèzetazini ap voye 2 misil patriyòt ak 400 sòlda nan Tiki nan kad yon efò pou ede peyi sa a defann tèt li kont yon posib atak ak wòkèt ki ta sòti bò kote Siri.

Pòtpawòl Pentagòn nan, George Little, fè konnen minis defans ameriken an, Leon Panetta, siyen yon lòd pou operasyon sa a fèt yon ti tan avan li te rive nan Annkara, kapital Tiki, vandredi 14 desanm 2012 la, pou yon vizit otorite 2 peyi yo pat anonse davans.

Misye Panetta, ki bay detay sou objektif operasyon sa a, deklare:
“Nou kapab ede Tiki jwenn kalte misil defans li byen kapab bezwen pou l fè fas ak menas ki ka sòti bò kote Siri.”

Peyi Lalmay ak La Oland, yo menm tou, ap voye misil patriyòt nan Tiki nan kad yon kowoperasyon kap dewoule anba sipèvizyon Oganizasyon Trete Atlantik Nò a, l’OTAN.
XS
SM
MD
LG