Nan peyi Dayiti, OIM (Oganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon) inogire yon nouvo sant pou resevwa yon afè de 600 moun ki t ap viv nan move kondisyon nan yon kan pou viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
Nouvo sant sa a –ki tabli nan Komin Cassagne, tou prè vil Leyogàn, sant tranblemanntè a-- genyen ladan n 134 kay kap ofri yon anviwonnman ki gen sekirite, pwòpte ak bon jan kondisyon sanitè pou 600 moun.
Se plizyè patnè ki te pote-kole pou mete nouvo sant sa a sou pye. Pa egzanp, òganizasyon Serving Friends International (ki gen baz li nan peyi Kore di Sid) te bay kout-men ki te nesesè pou yo te jwenn anplasman kote sant la sitiye a, e se li tou ki kreye kondisyon sanitè yo, ki bati lekòl pou timoun kap nan sant la ak sila yo kap viv ozalantou enstalasyon an.
Yon lòt kote, Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH), te ofri tout materyèl ki te nesesè pou yo konstrui 134 kay yo. Epi, kontenjan sid-koreyen ki nan misyon an te patisipe nan preparasyon teren an, konstriksyon yon pon ak yon sistèm drenaj, epi nan plantasyon pyebwa nan zòn nan. OIM te resevwa tou 300 mil dola ameriken nan men gouvènman sid-koreyen an pou l te konstrui 134 kay yo.
Nan sant la, ou kapab jwenn twalèt modèn, limyè ki sòti nan pano solè, sal-twalèt pou moun benyen, avèk dlo potab. Li pa lwen ak mitan vil Leyogàn, kote li fasil pou rezidan yo ale nan sant medikal pou yo jwenn swen-sante.