Accessibility links

Breaking News

Ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter lanse 29e pwojè anyèl Abita pou Limanite nan Leyogàn.


Ansyen Prezidan Jimmy Carter adwat ak madanm li Rosalynn pandan yon vizit yo nan Leogane (AP Photo/Ramon Espinosa)
Ansyen Prezidan Jimmy Carter adwat ak madanm li Rosalynn pandan yon vizit yo nan Leogane (AP Photo/Ramon Espinosa)
Ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter ak madanm ni, Rosalynn, pote kole ak plizyè santèn volontè pou yo lanse konstriksyon 100 kay nan rejyon lwès Ayiti. Se 29e pwojè anyèl òganizasyon charitab Abita pou Limanite kap dewoule nan Leyogàn ki te sant gwo tranblemanntè ki te frape Ayiti nan lane 2010 la; sekous la te touye plizyè milye moun epi koze anpil dega materyèl.

Preske 3 zan apre trajedi sa a, Mesye Cater lanse apèl pou l di kominote entènasyonal la bay dirijan ayisyen yo plis espas pou yo travay nan moman yap chache rebati peyi a. Ansyen prezidan ameriken an, ki di Ayiti bezwen plis atansyon, deklare --e nap site :

« Nou te wè divès gouvènman pase ann Ayiti. Yo te fas ak anpil difikilte. Kidonk, nou ta dwe bay gouvènman ayisyen an espas ki nesesè pou l respire ak tout asistans nou kapab. Malgre se posib pou lajan gaspiye, mwen panse se pi bon kote pou nou evesti kòb, paske mwatye ladan n ap byen depanse. »

Entitisyon entènasyonal yo ak bayè de fon yo te ofri Ayiti plizyè dizèn milyon dola asistans imedyatman apre tranblemanntè 2010 la. Apre sa, peyi a ta pral sibi move konsekans siklòn ak maladi tankou kolera. Prezidan Jimmy Carter gen 88 lane e se 2e fwa li vizite Ayiti nan 2 zan.
XS
SM
MD
LG