Accessibility links

Breaking News

Liberasyon Otaj nan Jakmèl - Arestasyon yon lòt Manm Gang Brant la nan Malpasse


UN-Haiti
UN-Haiti
Nan Jakmèl, kidnapè libere yon timoun 3 zan enkoni te kidnape dimanch 18 novanm pase a, yon zak kriminèl ki te pwovoke kòlè popilasyon an --non timoun nan se Jorim Xiam Etienne. Avèk kri «aba ensekirite », pèp souvren te pran lari pandan plizyè jou pou mande otorite yo pran dispozisyon pou jwenn otaj la e konbat kriminalite kap monte nan vil la.

Nan nuit mèkredi 21 pou leve jedi 22 novanm 2012 la, kidnapè yo libere timoun nan. Yo t al depoze li bò lekòl Alcibiade Pomeyrac, nan zòn Nan Mandou, kote lapolis t al dekouvri li. Nouvèl yo fè konnen sanble viktim nan pa sibi okenn move zak, li jwe e souri ak jounalis yo pandan lapolis tap remèt li bay paran n ki te prezante sou plas byen bonè jedi.

Nouvo direktè Polis Depatmantal la, Frantz Elbé, fè konprann fanmi viktim nan ta peye yon ranson pou yo te kapab jwenn liberasyon ti Jorim. Antouka, papa ti pitit la di delege depatmantal la, Pierre Lafontant, kontribye 40 pou san nan lajan kidnapè yo te mande a.

Otorite yo fè yon rankont ak laprès nan jounen jedi 22 novanm nan pou yo bay plis detay sou negosyasyon ki te debouche sou liberasyon an. Imedyatman aprè laprès te bay nouvèl la nan Jakmèl, yon popilas te pran lari byen bonè nan matine jou jedi a, kote moun yo te rele « aba ensekirite ».
---------------------------------------------------------------------------------------
Yon lòt kote, Direktè PNH (Polis Nasyonal Dayiti), Godson Aurélus, bay Lavwadlamerik yon entèvyou kote li di lapolis mete men sou yon nèg otorite yo konsidere kòm yon “gwo, gwo kriminèl” ki mele nan preske tout krim enpòtan, takou kidnaping, ki fèt nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la depi ane 2007. Misye se yon manm gang ki ta gen nan tèt li òmdafè Clifford Brant lapolis te arete, sa pa gen lontan, sou akizasyon deske li mele nan kidnaping.

Swadizan kriminèl la tonbe nan men otorite yo pandan li te nan zòn Malpasse, sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Daprè chèf polis la, si otorite yo poko bay laprès detay sou operasyon ki te debouche sou arestasyon sa a, se paske yo vle pran tan pou mennen yon entèwogatwa kòmilfo pou yo jwenn enfòmasyon nan men prevni an.

Direktè PNH la konfime nouvèl ki anonse liberasyon yon ti moun 3 zan ravisè te kidnape nan Jakmèl. Misye Aurélus konfime tou pou VOA pawòl ki di paran pitit la te oblije peye pou kidnapè yo te lage ti Jorim Etienne, paske yo te vle pwoteje lavi timoun nan. Otorite yo te ranfòse prezans polisye yo nan zòn Jakmèl e, daprè direktè Polis Nasyonal la, kidnapè yo pat gen lòt chwa ke libere otaj la.
XS
SM
MD
LG