Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Rankontre ak Lidè Peyi Azyatik yo


Premye Minis Japonè a, Yoshihiko Noda k ap patisipe nan Somè peyi manm Asosyasyon Sidès-Azyatik la nan vil Phnom Penh, peyi Kanbòdj lanse avèstisman pou l di sitiyasyon sekirite a kapab vin pi grav nan rejyon Azi Pasifik la.

Misye Noda pale konsa pandan li t ap rankontre ak Prezidan ameriken an, Barack Obama, nan yon chita-tande ki dewoule nan koulis somè a.

Lidè japonè a di li apresye anpil ajisteman Lèzetazini fè nan politik li vizavi rejyon azyatik la, yon politik ki rapwoche Washington plis ak Lazi e ki vini nan moman tansyon ap ogmante ant Lachin ak lòt peyi alye Lèzetazini pou kesyon tèritwa, pami peyi sa yo genyen Japon.

Premye minis Noda deklare: “Nan moman pwoblèm sekirite anviwonnman an ap vin pi grav nan reyon Azi Oryantal la, enpòtans alyans amerikano-japonè a ap ogmante plis toujou. Mwen ta renmen pou n avanse avèk yon kowoperasyon konkrè pou nou devlope alyans sa a, e m espere abòde kesyon sa a avèk ou jodiya menm.”

Lidè ameriken an fè yon rankont menm jan tou ak premye minis Chinwa a, Wen Jiabao. Misye Obama di lidè chinwa a Washington ak Peken ta dwe travay ansanm pou byen ekonomi mondyal la.

Prezidan Obama deklare: “Antanke 2 pi gwo ekonomi nan lemond, nou genyen yon responsablite espesyal pou n jwe yon wòl lidè e garanti yon kwasans sam rete e ekilibre nan ekonomi an non sèlman isit ann Azi, men nan lemond antye.”

Prezidan Obama te pale jodiya tou antwòt, avèk lidè peyi Japon ak Lachin, pandan somè Asosyasyon Eta Sidès Azyatik la, yon gwoup ki genyen 18 peyi manm.
XS
SM
MD
LG