Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Diplomasi: Vizit Minis Afè Etranje Dominiken an, Carlos Morales Troncoso


Minis Afè etranjè dominiken an, Carlos Morales Troncoso, fè yon vizit jedi apre-midi nan peyi Dayiti kote li rankontre ak Premye Minis Laurent Lamothe e ak tokay ayisyen li, Pierre Richard Casimir.

Nan yon seremoni kote chanselye Troncoso ak chèf gouvènman ayisyen an pran lapawòl, yo di satisfaksyon yo pou bon eta relasyon ki egziste ant 2 peyi ki pataje Lil Ispanyola a.

Nouvèl yo fè konnen nan jounen vandredi 9 novanm nan, responsab ladwann 2 peyi yo pral rankontre sou fwontryè a pou yo diskite sou mwayen pou yo amelyore echanj komèsyal kap fèt ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
XS
SM
MD
LG