Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Koripsyon : 2 Avoka Kontakte Komisyon Entè-Ameriken Dwa Moun nan


2 avoka ayisyen, Newton St. Juste ak André Michel, twouve yo nan Washington kote yo soumèt devan Komisyon Entè-Ameriken Dwamoun nan (yon ajans l’OEA) menas yo ta sibi poutèt yo denonse koripsyon ki, daprè yo, egziste nan mitan administrasyon Martelly-Lamothe la.

Dosye sa a genyen rapò, antwòt, avèk plizyè milyon dola gouvènman ayisyen an ta lage nan men Premyè Dam nan, Sophia Martelly, epi youn nan pitit-gason Prezidan Martelly yo san pa gen yon enstans sipèvizyon ki la pou ouvè je sou jesyon lajan sa a.

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la kontakte Minis Jistis peyi d Ayiti a, Jean Renel Sanon, pou konnen vèsyon pa gouvènman ayisyen an sou dosye a. Misye Sanon rejte akizasyon yo e li di rezon ki fè 2 avoka yo pale konsa “egziste sèlman nan imajinasyon yo.”
XS
SM
MD
LG