Accessibility links

Breaking News

Yon Don yon Demi Milyon Dola pou Viktim Siklòn Sandy nan Kiba


Pwogram Alimantè Mondyal, PAM, gen pwojè pou l ofri yon demi milyon dola asistans pou Kiben ki te sibi dega anba siklon Sandy. Siklon Sandy te touche tè nan Kiba avèk yon fòs kif è anpil dega nan dat 25 oktòb pase a.

Daprè obsèvatè yo, se siklon ki pi malouk ki pase sou Kiba nan 50 tan. Pòtpawòl PAM nan, Elizabeth Byrs, di li parèt klè ke gouvènman kiben an ap fè ak yon anpil dega siklòn nan pwovoke.

Pwogram Alimantè Mondyal ap travay nan Kiba depi ane 1963; kounye a li gen yon ekip apeprè 20 manm kap jere operasyon dijans nan peyi a. PAM rapòte omwen 3 milyon moun kap viv nan rejyon lès Kiba sibi move konsekans move tan an.

Daprè chif gouvènman kiben an pibliye, plis pase 200 mil kay kraze, sa lakoz plis pase yon milyon moun pa gen kay pou yo rete –kantite sa a reprezante apepré 10 pou san tout popilasyon an. Potpawol PAM nan kontinye pale pou l di se sou tout tèritwa kiben an Sandy fè dega e dega yo anpil.

Daprè PAM toujou, kolaboratè li gen sou plas nan peyi karayib la ap evalye bezwen yo; men yo atire atansyon sou nesesite pou sinistre kiben yo resevwa semans, entalasyon depo, manje pou bèt ak lot manje epi pwodwi agrikòl.

Ajans la gen pwojè pou l prese voye Kiba pwovizyon alimantè ki ka dire yon mwa pou plis pase yon milyon 500 mil viktim siklòn nan kap viv nan rejyon Santiago, swa kote Sandy fè plis dega ak plis viktim nan Kiba.
XS
SM
MD
LG