Accessibility links

Breaking News

Kimoun ki Mitt Romney?


Ansyen Gouvènè Eta Massachusets Mitt Romney, kandida Pati Repibliken an pou plas prezidan an, mennen yon kanpay ki te sere anpil-anpil devan Barack Obama, kandida Pati Demokrat la, pou l wè si l ta tounen 45èm prezidan Lèzetazini Damerik.

Nan yon kanpay kote atansyon tout moun te fikse, antwòt, sou move sitiyasyon ekonomi peyi-a, Misye Romney pat janm rate yon okazyon pou l pa ensiste sou eksperyans li kòm yon òmdafè.

Vrèmanvre, Mitt Romney te reyalize plizyè milyon dola kòm PDG ( prezidan-direktè jeneral) yon konpayi ki rele “Bain Capital”, ki se youn nan pi gwo konpayi envestisman ki egziste nan lemond.

An plis de sa, li te pran tèt efò ki te fèt pou sove Je Zolenpik Divèr ane 2002 la ki te gen pou dewoule nan Eta Utha, nan pati lwès Lèzetazini, e ki tap fè fas ak gwo difikilte sou plan finansye a. Pandan Misye Romney tap mennen kanpay pou eleksyon 6 Novanm 2012 la, li te pran angajman, si l ranpòte vòt la, pou l koupe sou taks kontribyab ameriken yo ap peye, koupe sou depans Leta federal la ap fè, epi redui defisi budjè federal la.

Yon lòt kote, li pat mete dlo nan bouch li pou l di, si li monte prezidan, youn nan premye aksyon li tap poze, se elimine youn nan reyalizasyon administrasyon Obama a –ki reprezante mak frabik akonplisman Misye Obama pandan 4 tran li pase sou pouvwa-a- an palan de lwa ki pote refòm istorik nan sistèm swen santé ameriken an.

Responsab kanpay Prezidan Barack Obama a kritike Misye Romney poutèt: “li fèb nan domèn politik entènasyonal la.”

Se konsa tou, nan kòmansman kanpay elektoral-la, otorite nan pati opozisyon an (donk, Pati Demokrat la) an patikilye, ak sektè k ap defann dwa tout sitwayen an jeneral pou yo poze kesyon e jwenn reponn sou lavi yon ameriken ki vle okipe yon pòs piblik, eben, sèktè sa yo te repwoche kandida Mitt Romney le fèt ke li se yon moun rich ki pat vle bay detay sou fason li te fè pou l reyalize richès li-a, menm jan li te refize –menmsi se pandan yon ti tan- publiye dokiman ki montre konbyen taks li peye Leta sou lajan li fè chak ane.

Finalman, yon ti tan aprè Misye Romney te chwazi Depite Repibliken Paul Ryan kòm kolistye li (sètadi, kòm kandida pou pòs vis-prezidan-an), li te pibliye dosye taks li pou 3 zan ki pase yo.

Nan kòmansman kanpay elektoral la tou, Mitt Romney te genyen pou l fè fas ak anpil kesyon sou fwa relijyèz li, paske misye se manm Legliz Mormon –yon gwoup relijye ki kwè nan Bib Kretyèn nan, se vre; men manm li yo swiv doktrin ki sòti nan ansèyman pèsonèl fondatè relijyon sa a, Joseph Smith, e nan kèk lòt liv sakre ki pa Labib.

Misye Romney sòti nan yon fanmi politik. Papa li te sèvi kòm gouvènè Eta Michigan e, nan ane 1968, Romney père te poze kandidatu li pou pòs Prezidan ameriken sou labanyè Pati Repibliken an.

Ansyen gouvènè Mitt Romney te pran premye diplòm inivèsitè li nan Université Brigham Young, nan Eta Utah, e li te kontinye etid li pou l te rive pran yon diplòm nan Lekòl Komès ak Bizniss Université Harvard la, menm inivèsite kote Prezidan Barack Obama te pran diplòm avoka li. Mit Romney te pran nesans nan Eta Michigan –pi presizeman nan vil Detroit; li se yon mesye-marye; madanm li rele Ann Davies Romney, e yo genyen 5 timoun.
XS
SM
MD
LG