Accessibility links

Breaking News

Etazini - Eleksyon: Ameriken yo ap Eli yon Prezidan ak Manm Kongrè a


Jodi madi a elektè ameriken deplase ale nan biwo vòt yo pa bann e pa pakèt pou deside si wi ou non yo ta dwe re-eli prezidan demokrat Barack Obama oubyen chwazi rival repibliken an Mitt Romney kòm nouvo lidè Lèzetazini. Ameriken yo ap chwazi tou, manm chanm dè reprezantan an e yon tyè sena a.

Eleksyon nasyonal yo rive nan bout yo, men toujou genyen ensètitid sou rezilta yo nan nivo prezidansyél la apre 3 deba nan mitan yon kanpay ki te dire anviwon 18 mwa. Rezon an, sèke tout kantite sondaj ki fèt sou eleksyon-an montre 2 kandida yo patt pou patt jiskaprezan. Kidonk ni prezidan Batack Obama ni ansyen gouvènè Massachussetts la Mitt Tomney twouve yo nan yon enpass kounye a.

John Fortier kap travay pou sant politik bipartite Etazuni-an fè konnen kantite elektè ki pral patisipe nan eleksyon prezidansyèl ane 2012 sa a pral depann de degre antouzyasm pou kandida yo chwazi a ak fondasyon ekonomi ameriken an ak fason moun panse nasyon an ap mache.

Mesye Fortier kontinye pou l di : "sa gen pou wè tou ak nivo travay kandida yo fè pou regle koze yo, tankou mete patizan yo deyò pou yal vote, idantifye ki moun ki patizan yo, e se sa tou 2 kan yo ap fè jodi a. "

Patrick Burns, se yon elektè ki te kanpe nan liy pandan unèdtan pou lage yon bilten vòt nan Virjini ki tou pre nou-an. Li di li aksepte pou’l fè sa, paske se yon faktè enpotan ki kapab detèmine gayan , e anplis desa, li santi li kontan deske lap vote nan yon eta-kle.

N ap raple ke se pa vòt populè ki deside kiyès ki venkè , se pito kolèj lektoral Lèzetazini an ki jwe wò l kritik sa-a. Dapre pwofesè syans politik nan univèsite Vijini, Latty Sabato, sak enpòtan vrèman vre nan eleksyon 2012 yo isit Ozetazini, se sak pase nan 9 eta-kle pami 50 eta ki egziste sou kat jewofrafi amerikèn nan.
XS
SM
MD
LG