Accessibility links

Breaking News

Etazini/Politik: Obama ak Romney ap Mennen Kanpay san Pran Souf, 4 Jou anvan Eleksyon 6 Novanm nan


Ozetazini, Prezidan Barack Obama ak Mitt Romney, rival repibliken li a nan eleksyon prezidansyèl madi 6 novanm nan, ap mennen kanpay san pran souf nan kèk eta ki pral jwe yon gwo wòl nan eleksyon an.

Aprè Misye Obama te anime kèk meeting de mas jedi nan eta Wisconsin, Kolorado, Nevada ak Ohio, li gen plan pou l pase tout jounen vandredi a nan Ohio, yon eta ki trè-trè zenpòtan pou tou lè 2 kandida yo.

An fèt, Prezidan Obama pral fè kanpay nan Ohio pandan 4 jou ki rete pou eleksyon an dewoule.

Bò kote pa l, Misye Romney ap pase jounen vandredi a nan Ohio tou epi nan Eta Wisconsin. Pa egzanp, nou jwenn sou pwogram li pou jounen an yon meeting nan vil West Chester, nan Ohio, kote li pral gen avèk li kandida pou plas Vis Prezidan an, Paul Ryan.

Daprè responsab kanpay Romney an, meeting sa a pral gen ladan n anviwon 100 ofisyèl ki okipe gwo pòs swa o nivo nasyonal, swa o nivo Eta yo – ofisyèl tankou senatè, gouvènè, majistra ak lòt otorite kap apiye tikè pati repibliken an.

Nan 4 jou ki separe nou ak Madi 6 Novanm nan –jou prezidansyèl la Ozetazini-- Mitt Romney gen plan pou l fè kanpay nan Eta New Hamshire, Iowa avèk Kolorado.

Malgre Prezidan Obama resevwa gwo konpliman nan men gouvènè New Jersey a, Chris Christie, pou fason rapid li reyaji pandan e a aprè pasaj “super tanpèt Sandy” sou eta a ak lòt kote nan peyi a, e malgre Misye Obama jwenn andòsman Majistra New York la, Michael Bloomberg, sondaj yo montre kous la trè sere toujou ant 2 kandida yo, pou sa ki konsènen entansyon de vòt elektè yo sou plan nasyonal la.
XS
SM
MD
LG