Accessibility links

Breaking News

Siklòn Sandy fè Anviwon 90 Mò Ozetazini


Ozetazini, lapolis fè konnen kantite moun ki mouri nan New Jersey ak zòn metwopolitèn vil New York la – 2 rejyon ki sibi pi gwo dega pandan pasaj siklòn Sandy sou pati nòdès peyi a-- monte rive 59 pou pi piti.

Otorite yo di yo anrejistre pi gwo kantite viktim yo nan New York kote yo dekouvri, jedi premye novanm nan, kadav 2 timoun nan youn nan 4 gwo banlye vil la, an palan de Staten Island. Youn nan timoun yo te gen 2 zan, lot la 4 tran.

Depite Kristen Gillibrand, ki bay detay sou sitiyasyon an, fè konnen yon manman tap eseye kouri ak timoun yo nan yon machin pou l t al mete yo an sekirite, lè yo te vin tonbe nan yon gwo dlo ki te pati ak timoun yo. Depite Gillibrand di :

"Manman an te eseye wete timoun yo nan machin nan epi ale avèk yo yon kote ki gen sekirite; li te eseye ale avèk yo nan yon zòn elve kote dlo a potko rive. Men yon gwo kantite dlo te vin anvayi yo; daprè sekouris ki te ale sou plas, dlo a te monte rive 10 pye de wotè; finalman manman an pèdi tou lè 2 timoun yo."

Nan moman otorite yo nan New York ap fè tout sa yo kapab pou yo ede rezidan vil la rekanpe sou pye yo, kèk nan moun ki pèdi tout bagay yo te posede pandan pasaj “super tanpèt Sandy”, espere fòs kouraj yo, rezistans yo devan kalamite sa a se pi gwo faktè ki pral pèmèt yo rebati kay yo epi refè vi yo. An tou ka, nou jwenn fòs kouraj sa a ak rezistans sa a nan deklarasyon yon newyorkèz ki rele Herminia Colon.

Madam Colon, ki pale ak Lavwadlamerik, di:
“Sitiyasyon an yon ti jan difisil; bagay yo malouk; men, map kenbe, map siviv. Mwen te pase pa anpil lòt move pas nan lavi a anvan sa. Alos, nou pral eseye mete ansanm, rete ansanm epi fè sa nou gen pou n fè pou lavi a kontinye ; paske mwen gen espwa kominote nou an pral mete ansanm pou nou refè vi nou."

Pandansetan, majistra New York la, Michael Bloomberg, pran desizyon pou l pa anile maraton ki dewoule chak ane nan vil la, menmsi genyen plizyè milye moun nan New York ki poko gen elektrisite lakay yo. Maraton an, ki gen yon renome mondyal, fikse pou dimanch 4 novanm nan.

Moun k ap kritike desizyon majistra a, leve lavwa pou di maraton an pral oblije sekouris yo al pote asistans bay moun k ap patisipe nan evennman atletik la, olye yo ede moun ki viktim move tan an. Sepandan, otorite yo fè konnen maraton an pap deranje operasyon sèvis dijans yo lòt kote nan vil la.
XS
SM
MD
LG