Atis ayisyen Jean Belony Murat alias Belo Anbasadè kiltirèl ayisyen sot evolye sou sèn Center Stage la nan Kennedy Center a nan Wahington . Belo te akonpaye avèk guitarist Ume Dieujuste, Junior Dorcelus, Percusionis Emmanuel Jean Baptiste e bassis Josue Jude Nazaire.
Se te premye nan plizyè pèfomans atis la gen pou l bay nan kad yon virewon l ap fè Ozetazini gras a yon inisyativ diplomatik Biwo afè edikasyonèl e kiltirèl depatman deta ameriken, Center Stage.
Depi mwa Jen ane sa a pou rive nan mwa desanm 2012, depatman deta envite plizyè atis ki soti Ayiti, Endonezi ak Pakistan pou yo fè yon virewon k ap dire yon mwa Ozetazini , yon virewon k ap Mennen yo nan plizyè vil sou tèritwa ameriken an.
Objektif toune sa a se fè kominote ameriken yo fè konesans ak atis e ak kilti lòt peyi atravè lemond, pami yo Ayiti. Depatman Deta rele pwogram sa a “diplomasi kiltirèl louvri baryè a”.
Dimanch 21 oktòb la, atis ayisyen an Belo ak mizisyen ki te akonpaye ni yo, sou podyòm Center Stage Kennedy Center a la te emèveye piblik la, ayisyen kou etranje.
Rodyoume Ume Dieujuste, yon mizisyen ki akonpe gwoup la nan virewon sa a di li renmen pwogram sa a paske sa pèmèt yo pwojte yon imaj pozitif de peyi dAyiti.
Atis Belo bò kote pa l te kontan anpil pou l wè ayisyen yo pat rete lakay yo jou sa a men yo te ale pou apiye l. Belo di li te toujou reve yon pwogram konsa yon pwogram dechanj k ap pèmèt li fè pwomosyon pou peyi li.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute nouvèl sou vedèt yo.