Prezidan Etazini an, Barack Obama, ap siyonnen peyi a nan yon kanpay maraton tandiske rival repibliken li an, Mitt Romney ap konsantre efò kanpay li an sou eta Ohio.
Msye Obama planifye pou l fè kèk eskal nan Eta Florid , Virjini, Illinois ak Ohio. Nan eta Illinois, li pral jete bilten pou eleksyon ane sa a, l ap pran avantaj politik vote bonè a nan eta lakay li .
Lòt 3 eskal yo, se pou l mennen kanpay pami elektè ki ka deside rezilta eleksyon prezidansyèl la.
Prezidan Obama ap retounen Washington pita nan jounen jedi 25 oktòb la. Yon lòt kote, Msye Romney pral rete nan eta Ohio pandan tout jounen; li pral vizite vil Cincinnati, Worthington pou pwogram kanpay ni an.