Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Tanpèt Twopikal Sandy Tounen yon Ouragan Kategori 1


Sant Nasyonal Meteoroloji Dayiti dekrete eta dalèt wouj sou peyi Dayiti pou di tanpèt twopikal Sandy tounen yon ouragan kategori 1.

Direktè Sant la, Ronald Semelfort, di Lavwdlamerik zye Ouragan an ap pase sou jamaik, sepandan li menase kot Sid la ki kapab sibi anpil dega.

Espesyalis tan yo bay yon avi siklòn pou Jamayik nan moman yo atann aske tanpèt twopical Sandy ap pran fòs pou l vin tounen yon siklòn nan Karayib la.

Avi siklòn poste tou pou kèk pati nan Kiba, Ayiti. Yo bay rezidan yo avètisman pou di yo gen apeprè 51 santimèt lapli ki ka tonbe nan kèk zòn avèk gwo rafal van e mènm kèk inondasyon ki ka menase lavi moun.

Sandy se 18 tyèm tanpèt nan yon sezon siklonik atalantik la ki chaje anpil e ki te kòmanse nan dat premye jen e k ap fini ofisyèlman 30 novanm k ap vini an.

Klikle sou ikon ki agoch la pou w koute deklarasyon mesye Ronald Semelfort.
XS
SM
MD
LG