Ajan Federal Etazini yo dejwe yon swadizan konplo yon sitwayen Bangladesh t ap fè pou l sote bilding rezèv federal Etazini nan vil Nouyòk.
La polis arete yon jèn òm 21 nan ki rele Quazi Mohammad Rezwanul Ashan Nafis aprè yo te ba li kèk fo eksplozif pou yon operasyon enfiltrasyon.
Otorite federal yo di yon jij nan Nouyòk ke Nafis t ap planifye pou l sote yon mini-bus chaje ak eksplosif nan yon misyon suisid.
Daprè otorite yo se al-Qaida kit e enspire Nafis, men li te aji pou kont li. Arestasyon sa a te fè Vwazen Nafis yo sezi .
Youn nan yo ap esplike :
"Reyaksyon mwen, mwen pè anpil paske mwen pa ka kwè pou yon teroris rete la a nan katye a kote map viv kounye a, li vrèman efreyan. Pou mwen li sanble yon gason de byen, mwen pa ta janm panse li ta sa yo esplike li ye a, yon moun k ap plante bonm, men aprè sa a li pa sanble janre de moun sa a. Mwen sezi tout bon vre."
Chèf polis Nouyok la Ray Kelly di jounalis yo Nafis te vini isit Ozetazuini nan mwa Janvye pase avèk entansyon presi pou l komèt yon zak teroris sou teritwa ameriken.
Li ajoute Nafis te fè tantativ pou l jwen kèk konplis. Otorite yo di y ap kontwole Nafis seriezman e piblik la pat janm an danje.