Konseye Prezidan Barack Obama yo fè yon konnen li pral bay yon pèfòmans pi djanm lè l ap rankontre kandida repibliken an Mitt Romney nan okazyon 2èm deba a.
Prezidan Obama te resevwa gwo kritik apre premye deba ki te dewoule nan dat 3 oktòb kote l te parèt san enèji e mal prepare devan yon Mitt Romney ki te li menm montre l pi angaje e pi agresif.
Move pèfòmans prezidan vinn jwe anpil sou entansyon vòt yo kote rivel li a vinn monte nan sondaj la. E jodia , a kèlke zè deba sa a, kous la trè-trè sere an 2 rival yo.
Deba ap dewoule nan Inivèsite Hofstra nan New York e y ap itilize sa yo rele Ozetazini yon fòma “Town Hall “ ki vle di ke kesyon yo ap soti pito nan odyans la .
Se elektè yo seleksyone alavans pami moun ki poko deside pou ki kandida yo pral vote. Kidonk se elektè endesi sa yo ki pral poze Mesye Obama ak mesye Romney kesyon.
Prezidan Obama te pase plizyè jou nan semèn ki sot pase la a nan yon gwo otèl nan Williamsburg nan Virjini pou prepare gwo deba sa a .
Konseye prezidan an presize chèf Mezon Blanch la pral pi agresiv devan pozisyon msye Romney yo .
Antretan, pi gwo konseye nan kanpay prezidansèl repibliken an El Gillespie fè konnen msye Romney pral kontinye transmèt menm mesaj ki tonbe byen nan zorèy pep ameriken an .
Eli kontinye pou di menmsi prezidan an chanje stil e kelkeswa taktik politik li deside anplwaye li paka chanje palmarès li e li paka chanje politik li adopte yo non plis tou.