Accessibility links

Breaking News

Tiki Detounen yon Avyon Siryen; Moskou Mande Eksplikasyon


Nouvèl ki sòti nan Moskou fè konnen Larisi mande gouvènman peyi Tiki eksplikasyon poutèt lame tik la detounen yon avyon pasaje siryen pou fè l ateri nan Ankara, nan Tiki, alòske li te sòti Moskou pou l ale Damas, kapital Siri.

Nan yon deklarasyon Ministè Afè Etranjè ris la fè parèt jedi 11 oktòb 2012 la, li di aksyon lame peyi Tiki poze a te menase lavi ak sekirite pasaje ki te abò aparèy la –pami yo te genyen 17 sitwayen ris.

Avyon siryen an, ki tap transpòte 30 moun antou, te jwenn pèmisyon pou l kontinye vwayaj li jiska Siri bonè nan jounen jedi a, aprè otorite tik yo te fin konfiske sa yo konsidere kòm machandiz ilegal
XS
SM
MD
LG