Accessibility links

Breaking News

Plizyè Bato Chinwa Antre sou Dlo Teritoryal Japon


Gad kòt japonè fè konnen plizyè bato gouvènman chinwa a antre nan lanmè kote nou jwenn yon gwoup zile ki nan Lès Lanmè de Chin nan –gwoup zile ki lage mezantant ant Lachin ak Japon.

Nan yon deklarasyon otorite nan gad kòt Japonè pibliye, yo di bato chinwa yo rive tou pre yon zile ki anba kontwòl yo malgre yo te lanse avètisman ba yo.

Gad kòt Japonè yo mande bato chinwa yo kite zòn nan; men jiska prezan chinwa yo poko bay okenn repons.
XS
SM
MD
LG