Accessibility links

Breaking News

Mizisyen Ayisyen Johnbern Thomas Reprezante Ayiti nan yon Pwogram Kiltirel Ozetazini


Atis ayisyen Johnbern ap fè pwomosyon pou kilti ayisyen an pandan l ap patisipe nan yon pwogram echanj ki rele “OneBeat.”

Pami enstitisyon ki patwone pwogram sa a, genyen Depatman deta Ameriken ak kèk òganizasyon.

Johnbern twouve l Ozetazini depi 8 septanm 2012 la gras ak pwogram sa a k ap dire yon mwa.

Li deja bay pèfòmans nan plizyè vil amerikèn kote piblik la bay reyaksyon pozitif sou prestasyon l.

Atis ayisyen an di Lavwadlamerik li ta renmen pou responsab Ayiti yo pi byen ankadre atis yo pou ede fo fè pwomosyon pou kilti ayisyen an.

Johnbern jwe wòl batè nan “Mikaband.” Li jwe tou nan yon group ki rele “Konbit” ann Ayiti.

Mizisyen ki sòti nan 32 peyi ap patisipe nan pwogram “OneBeat” la kote y ap prezante kilti peyi yo bay piblik ameriken an. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou pwogram sa a lè w ale sou www.1beat.org.

Pou plis detay sou entèvyou Direktè Sèvis Kreyòl Lavwwadlamerik la, Ronald César, fè ak mizisyen ayisyen Johnbern Thomas, klike sou lyen “Koute” ki agoch atik la.
XS
SM
MD
LG