Reprezantan Prezidan Barack Obama ak advèsè repibliken li a, Mitt Romney, twoke kèk pawòl pike sou politik etranjè Lèzetazini anvan premye deba 2 kandida yo gen pou fè nan mitan semèn sa a –pi presizeman nan sware mèkredi 3 oktòb la. Pandan kolistye ansyen gouvènè Romney a, Paul Ryan, tap patisipe dimanch nan yon pwogram sou chèn televizyon «Fox News Sunday», li di atak ki te fèt sou konsila Lèzetazini nan vil Benghazi, nan peyi Libi -kote 4 diplomat ameriken te pèdi lavi yo- montre administrasyon Obama a ap mennen yon politik etranjè ki echwe. Misye Ryan –ki reprezante Eta Wisconsin nan Chanm Bas Lèzetazini an- ajoute akoz politik sa a, sitwayen ameriken yo mwens an sekirite lè yo nan peyi etranje. Epi li kritike fason administrasyon an te reyaji aprè atak la.
Youn nan prensipal konseye La Mezon Blanch yo, David Plouffe, reponn kritik sa a sou chèn televizyon ABC nan pwogram “This Week » pou l di Prezidan Obama kenbe plizyè nan promès li te fè nan ane 2008 nan kad politik etranjè Lèzetazini ; pami yo, li mete fen nan lagè Irak la, li santre atansyon gouvènman n nan sou lit kont rezo al-Qaida e pèp ameriken an jwenn jistis li ak Ozama Bin Laden.
Pou sa k konsène atak sou konsila ameriken an nan Benghazi, Misye Plouffe deklare le fèt ke La Mezon Blanch chanje eksplikasyon sou sa k te rive jou sa a nan Libi, se pa yon mistè pou pèsonn; se tout moun ki konnen ofi e amezi enfòmasyon tap rive, se konsa tou lide moun tap chanje sou ensidan ki te pase yo e jan yo te pase.
Mèkredi 3 oktòb kap vini la a, Misye Obama ak Misye Romney pral tope kòn yo nan vil Denver, nan Eta Colorado, nan premye sou 3 deba yo gen pou yo fè anvan eleksyon prezidansyèl la ki fikse pou 6 novanm pwochen. Se konsa, gran piblik la pap gen okazyon wè 2 kandida yo sou sèn kanpay elektoral la nan kòmansman semèn nan, paske yo okipe nan fè repetisyon pou deba a. Misye Obama di li ta renmen pou deba sa a sèvi plis pou li-menm ak Misye Romney mete pwogram yo devan pèp ameriken an, olye pou youn ap lanse ti toya sou lòt. Prezidan Obam di la –nap site:
“Sa ki plis enterese mwen, se pou m genyen yon diskisyon serye sou sa n dwe fè pou n fè peyi sa pwospere, epi retabli sekirite pou ameriken kap travay di yo. Se sa moun yo ap tann; se deba sa a pèp ameriken an merite.”
Advèsè repibliken Prezidan Obama a, Mitt Romney, pral rankontre ak konseye li yo anvan li fè deplasman an nan vil Denver, Eta Kolorado, kote deba mèkredi a pral dewoule. Si konseye Misye Obama yo pa fè okenn previzyon sou sa k pral pase nan deba sa a, youn nan alye repibliken Misye Romney yo, gouvènè Eta New Jersey a, Chris Christie, anonse kandida repibliken an pral tèlman fè pwen sou Prezidan Obama, tout kanpay elektoral la pral chanje a 100 pou san yon jou aprè deba a. Gouvènè Christie deklare –nap site tou:
“Sa m ka di, sè ke se premye moman kote pèp ameriken an pral kapab wè 2 mesye yo kòt-a-kòt, kote yo pral etale vizyon yo a klè, san okenn makiyaj. E mwen panse se pral yon moman ekstwòdinè pou Mitt Romney.”
Tèm 2 kandida yo pral kouvri nan deba sa a se, antwòt, ekonomi, swen sante ak wòl gouvènman an. Dènye sondaj yo montre misye Obama genyen yon avans enpòtan sou Mitt Romney nan anpil nan eta yo rele “Eta vire m 2 bò yo», sètadi eta kote majorite elektè yo abitye chanje kan eleksyon aprè eleksyon. E an jeneral, se eta sa yo ki deside ki kandida ki pati kap ranpòte eleksyon prezidansyèl la.