Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Michel Martelly devan Asanble Jeneral l’ONU an


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, pran lapawòl mèkredi 26 septanm 2012 la devan Asanble Jeneral l’ONU an, kote li soulve divès pwoblèm ki poze nan lemond – pwoblèm tankou konfli rejyonal yo, dega ki fèt nan anviwonnman an ak atmosfè terès la, innegalite ant fanm ak gason, ak lòt kesyon ki rete san repons e kap sakaje konsyans limanite.

Misye Martelly pwofite okazyon an pou l remèsye kominote entènasyonal la an jeneral, e an patikilye Sekretè Jeneral l’ONU an Ban Ki-moon, pou apui yo bay efò otorite ayisyen yo ap deplwaye depi li monte sou pouvwa a pou yo pote chanjman pozitif nan “Ayiti cheri li renmen anpil la.”

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute diskou Prezidan Martelly nan asanble jeneral Nasyonzini an.
XS
SM
MD
LG